Ensekirite: Moun ki rete Tabarre anvayi lokal Anbasad Ameriken an

Moun ki rete Tabarre anvayi lokal Anbasad Ameriken an

Jul 25, 2023 - 13:05
 0  10
Ensekirite: Moun ki rete Tabarre anvayi lokal Anbasad Ameriken an

Kantite zak kriminèl bandi ak zam yo ogmante anpil anpil nan dènye semenn sa yo nan Pòtoprens ak lòt zòn nan peyi d Ayiti, kote moun kontinye ap kouri kite kay yo pa bann ak pa pakèt, dapre yon ranmase AlterPresse ak AlterRadio.

Lendi 24 jiyè 2023 a, anpil moun nan komin Taba (nan lès kapital la) t ap eseye kite kote yo rete yo, akoz gwo tansyon, gwo kout zam k ap kontiye chante depi plizyè jou nan komin nan, dapre enfòmasyon yo.

Yon valè abitan zòn nan blije al chèche refij arebò anbasad ameriken, pandan gang yo ap opere tou pre anbasad la.

Ameriken te deja anonse depi plizyè semèn sitiyasyon an t a pral gate pi rèd nan Taba, san Leta pa pran ankenn dispozisyon pou pwoteje popilasyon an.

Gen kouri tou nan Bellevue La Montagne, nan Petyonvil (toujou nan lès Pòtoprens). Anpil abitan kite zòn nan, akoz degenn gang ak zam, dapre temwayáy yo.

Paralèlman, gang nan zòn nò kapital la fè va sou kamyon ki al pran gaz nan tèminal Vare a, nan Site Solèy. Konpayi yo blije peye gwo ranson lajan epi gaz pou yo kab al chaje epi soti ak pwodui pou al distribye l.

Leta peyi d Ayiti a montre li pa ekziste ditou, lè li kite gang ak zam yo kontinye ap dechèpiye konpayi gaz yo : se dizon ekonomis ak espesyalis nan politik Joseph Harold Pierre sou TV Soleil Leve

What's Your Reaction?

like

dislike

love

funny

angry

sad

wow